MINIT ENSTANTANE PAJ DAKÈY KONTAK

Golden Kat Dijital

Pa gen grate tèt anko ak Goldencima. Ou ta renmen voye yon ti kat danivèsè bay yon zanmi oswa nanaj la, Ou gen pwojè pou marye, ou gen pwojè ouvè yon ti biznis. Ebyen kotew ye a sanw pa nan deplase, wap jwenn Kat paw la Nan 24h de tan.

Kat Danivèsè pou Etidyan Nan Vil Okay/Torbeck

Siw se yon etidyan, wap jwenn rabè. Jus banou nom moun nan ak saw vle swetel epi wè ak Miss KETIA.

Koleksyon

Chwazi youn nan pwofesyonèl dizay ki anba yo, epi rès travay la nan men nou

Midnight Gold Wedding Invitation

“Midnight Gold” Maryaj Envitasyon

Ou gen pwojè pou marye, ou ta Renmen reyalize yon kat Dijital Konsa san kè sote, Pa Ezite Kontakte nou.

Wedding / Maryaj HTG 6,650
Birthday Invitation

“Starlight Party” Anivèsè

Fèt zanmi an, mesye a / madam nan e nanaj la pre. Ou pa Bezwen nan kraze kow pou nan soti al achete kat anivèsè anko. Kotew ye a nap baw sa nan 24h de tan.

BIRTHDAY / Anivèsè HTG 1,250
Flyer Invitation

“In Business” Flyer

Ou gen yon ti biznis, ou gen entansyon ouvè youn, ebyen Goldencima la pou korew. Jus founi nou enfomasyon nesesè yo, epi rès travay la nan men nou.

BUSINESS / Biznis HTG 10,500

Koman Sa Fonksyone

1

Chwazi Yon Dizay

Chwazi youn nan dizay ki ale ak emosyonw e stil ou pou evenman.

2

Text nou sou Whatsapp

Fè nou konnen ki dizay kew chwazi, ki pou evenman. Epi wap banou enfomasyon nesesè poun entegre nan kat la pou ou.

3

Pèman par Moncash

+509 47 38 8707. Aprè pèman, nap komanse travay pou ou. Nan 24h de tan ou plus wap jwenn rezilta daprè saw mande yo.

4

Foto oswa 5 Segonn Video

Kijanw ta renmen nou delivrew travay la, an format PNG/FOTO oswa an VIDEO.

Siw vle dizay wa soti konsa an stil animasyon. Pou Maryaj lap koutew HTG 8,500
Pou anivèsè lap koutew HTG 2,500